Patrice Dumont bay presizyon sou kantite gòl Manno Sanon make pou Seleksyon Nasyonal la

Yon ti Presizyon sou Kantite Gòl Manno Sanon fè pou Seleksyon Nasyonal la

Pandan Seleksyon an fin bat Kata 2 a 1, sitou se 2 atakan, Nazon ak Pierrot, ki fè 2 gòl yo, anpil jèn poze m kesyon sou meyè bitè Seleksyon Nasyonal gason an.

Laprès lokal, etranje tou, aprè sa ki te ekri nan liv Haïti à Munich en 1994, kontinye ap di Manno Sanon fè 46 gòl pou Seleksyon an. Kidonk yo pa janm tenikont se statistik sòti 6 janvye 1971 rive 23 jyen 1974. Sèke liv la te konsidere match Seleksyon an de 1971 a 1974 sèlman.

31 jiyè 1976, Manno te fè 2 gòl kont Kiraso nan premye match preliminè eliminatwa koupdimonn 1978. 14 out 1976, nan match retou, nan stad la ki te fini 7-0, Manno fè 2 lòt gòl: sa fè li 4 anplis. Se Lein’s Domingue (2), Louidor Labissière (1) Carlo Brévil (1), Bayonne (1) ki te fè lòt gòl yo.

Nan dezyèm tou preliminè koupdimonn 78 la, 28 novanm 1976 ak 11 desanm 76 kont Kiba, Manno make tou 2 gòl 1 a 1 yo: sa fè li 6 gòl. Se Tom Pouce ki te fè 2 gòl 2-0 match dapui ki te fèt Panama 29 desanm 76 la.

Nan tounwa final ki te fèt Meksiko an 77 la, Manno fè 1 gòl kont Salvadò: sa fè li 7 gòl.

An 1980, kont Kiraso ak Trinidad, nan preliminè, se Fritz Bobo (1), Serge Misolo Crispin (2) ak Carlo Brévil ki te fè yochak youn (1).

Nan faz final ki te fèt an 1981, e se te adye Manno a Seleksyon an, li pa t fè gòl ditou. Lè sa a, se Goebels Cadet ki te fè gòl 1 a 1 avèk Meksik ak Gérald Romulus gòl 1 a 1 avèk Kanada.

An final, sòti 6 janvye 1971 rive 19 novanm 1981, lè nou pèdi 1 a 0 devan Salvadò, anplis de 46 gòl nou abitye di li te fè, Manno reyalize 7 lòt gòl. Total: 53 gòl. An nou ajoute, paske gòl Nazon an mete li a 28 ki ta egal ak pa Guy Saint-Vil, li posib statistik 28 gòl Guy Saint-Vil la ka reyèl. Men, sa merite yon ti kontwòl pi sere. An n swete Seleksyon an ale lwen nan Gòlkèp 2023 sa a, konsa, Nazon ak Pierrot a jwenn plis opòtinite vin pi prè, menm depase rekò Manno Sanon an, lè n konsidere, met sou sa, eliminatwa Koupdimonn 2026 ap mache sou nou pye pou pye.

O, mwen t ap bliye!!! Tanpri, fikse yon ti panse pozitif pou Guy Saint -Vil ki sibi operasyon nan ranch li jodi a nan lopital Kanapevè. Se Doktè Wolley ak Vertilus ki te kenbe bistouri a. Guy Saint-Vil genyen 82 zan 7 mwa. Li te fèt 2 jou anvan Pele, 21 oktòb 1940. Wa a te fèt 23, limenm.


Laviktwa nan Gòlkèp la.

27 jen 2023

Patrice Pp Dumont

Share the Post

Steeve Charles

Related post

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *